PÈP EMOSYONÈL… OSWA YON FÒS NOU POKO APRANN MEZIRE???

Posted by

PÈP EMOSYONÈL… OSWA YON FÒS NOU POKO APRANN MEZIRE???

YO SOUVAN DI: “PÈP AYISYEN EMOSYONÈL”
Deklarasyon sa a souvan itilize pou eksplike anpil reyaksyon kolektif nan sosyete a. Men, kesyon an mande plis refleksyon: èske emosyon se yon feblès, oswa yon resous ki mal oryante?


Nan sikoloji, emosyon pa konsidere kòm yon erè, men kòm yon mekanis fondamantal ki tabli kòl nan lavi imen an. Nan avanse syantifik ki fet sou konsèp la, Charles Darwin fè nou konprann emosyon gen yon fonksyon adaptatif ki pèmèt moun reyaji ak anviwònman yo.


Nou pral montre emosyon pa nesesèman yon feblès (I), men yon fòs ki ka mobilise moun kolektivman (II), aprè pou nou wè nesesite pou metrize li pou devlopman sosyal (III).


I- EMOSYON KÒM MEKANIS NATIRÈL AK NESESÈ AVAN NOU JIJE EMOSYON KÒM YON FEBLÈS, LI ENPÒTAN POU NOU KONPRANN NATI LI.


Daprè Charles Darwin, emosyon yo se rezilta emosyon imen, ki sèvi pou adapte moun ak sitiyasyon li rankontre yo. Yo pèmèt nou eksprime doulè, lajwa, laperèz oswa kolè, epi kominike ak lot moun. Se poutèt sa, yon moun ki pa santi emosyon pa ka reyaji nòmalman. Nan menm lojik la, yon pèp ki pa santi anyen pa ka pran konsyans de pwoblèm li ni chèche chanje sitiyasyon li.


II- EMOSYON KOLEKTIF KÒM YON FÒS MOBILIZASYON SI EMOSYON SE YON REYALITE ENDIVIDYÈL, LI PRAN YON LOT DIMANSYON LÈ LI VIN KOLEKTIF.


Jan Gustave Lebon te montre l, Emosyon pataje nan yon foul ka enfliyanse konpòtman moun, kreye mobilizasyon, epi menm chanje direksyon listwa. Nan sans sa, si n remonte nan listwa Ayiti, n ap konprann se pa lojik sèlman ki te pouse esklav yo revòlte kont opresyon, men tou yon konbinezon de doulè, kòlè, volonte pou libete ak diyite.


Nan epòk digital la, dinamik sa a pran yon lòt fòm. Emosyon vin tounen yon zouti mobilizasyon sou rezo sosyal yo, kote moun angaje, pataje, epi rasanble rapidman. Se nan sans sa, Daniel Goleman pale de entèlijans emosyonèl: kapasite pou konprann emosyon yo epi sèvi avèk yo ak efikasite.
Nan sans sa, emosyon sa n ap viv nan akonplisman Ariana Lafond nan House of challenge lan montre kijan emosyon kolektif ka aktive yon kominote antye, mete yon peyi vizib, epi kreye yon sans apatenans pataje.


III- LIMIT EMOSYON AK NESESITE POU MEZIRE LI SEPANDAN, SI EMOSYON KA KONSTWI LI KA DETWI TOU.


Emosyon san refleksyon ka mennen nan konfizyon, dezòd oswa desizyon prese prese. Se poutèt sa, li enpòtan pou nou pa opoze emosyon ak refleksyon men pou chèche yon balans ant yo.


Emosyon vin yon fòs sèlman lè li byen oryante. San direksyon, li ka tounen yon feblès; men lè li metrize li ka vin yon zouti pou devlopman ak transfòmasyon sosyal. Kidonk, nou elimine emosyon men pito aprann konprann li, kanalize li epi sèvi avèk li nan yon lojik konstriktif.

Boutofen, emosyon pa yon feblès nan li menm, li se yon reyalite imen, yon mekanis adaptasyon, epi yon sous enèji pou aksyon kolektif. Alòs, kesyon nou ta kapab poze se pa:èske pèp la emosyonèl? Men pito: eske li rive metrize emosyon li pou transfome li an fòs? Paske, yon pèp ki pa santi anyen pa ka chanje anyen men yon pèp ki aprann sèvi ak emosyon li ka transfòme reyalite li.

Obed Erson NIVROSE (Psychobed)
Etudiant en Psychologie